Jan Pou Netwaye Vyann Poul

Anpil moun

Print Recipe
Jan Pou Netwaye Vyann Poul
Prep Time 20 minit
Servings
Ingredients
  • 2-3 Sitwon
  • 1 Kiye Pat Tomat
  • Disèl a gou
  • Epis an Poud a gou
  • 1 Kiye Epis
  • 1-2 Kiye Luil
  • 3 Tas Dlo
  • 2-3 Jiwòf
  • ½ Piman Pike
  • 1-2 Bwa Ditèn
Prep Time 20 minit
Servings
Ingredients
  • 2-3 Sitwon
  • 1 Kiye Pat Tomat
  • Disèl a gou
  • Epis an Poud a gou
  • 1 Kiye Epis
  • 1-2 Kiye Luil
  • 3 Tas Dlo
  • 2-3 Jiwòf
  • ½ Piman Pike
  • 1-2 Bwa Ditèn
Instructions
  1. Premye bagay wap fè se mete 2 Tas dlo nan yon chodyè, pire mwate yon sitwon nan dlo ak mete mwate sitwon ak tout po a bouyi.
  2. Mete poul la nan yon veso. Vide disèl ak ji yon siwon sou vyann la.
  3. Fwote sitwon sou vyann la. Sa ap ede retire sant kri a.
  4. Retire po vyann poul la.
  5. Lè’w finn retire po yo, rense vyann la 2 o 3 fwa. Retire vlen yo.
  6. Apre dènye rense la, vide dlo bouyi a sou vyann la.
  7. Kite vyann la tranpe pou 5-10 minit pour tout dènye vlen yo moute.
  8. Retire vyann la nan dlo cho a pou’w prepare pou’w tranpe vyann la.
  9. Ajoute diten ak ji sitwon nan vyann la. Ajoute pat tomat, epis, epis poud, pima pike, disèl, jiwòf ak luil sou vyann la.
  10. Melanje tout epis yo byen sou vyann la.
  11. Kounye a, li bon pou kuit.