
Prep Time | 20 minit |
Cook Time | 30 minit |
Servings |
moun
|
Ingredients
- 1 Liv Vyann Bèf
- 1/2 Liv Joumou
- 1-2 Kawòt
- 2 Pomdetè Piti
- 1/2 Liv Yanm
- 1 Nave
- 1 Bout Seleri
- 2 Bout Powo
- 1 Men Makawoni ak yon ti Vèmisèl si’w vle
- 8-9 Tas Dlo
- Pat Tomat
- Epis
- Epis Poud
- Disèl
- 1/4 Zonyon
- 1-2 Lay
- Piman Dou
- Pima Pike
- 1 Kiyè Luil Dou
- 1 Kiyè Bè
Ingredients
|
![]() |
Instructions
- Lave ak epise vyann bèf la
- Ajoute vyann epise ak ½ tas dlo a nan yon chòdyè. Fè’l bouyi.
- Lè premye dlo a fini, ajoute 5 tas dlo. Fè’l bouyi jiskaske dlo a desann.
- Ajoute 3 tas dlo lè dezyèm dlo a pweske fini—wap fè sa pou vyann la vinn molas.
- Pandan sòs vyann la ap bouyi, prepare viv yo.
- Kale ak rense joumou, yanm, nave ak pomdetè yo.
- Rache joumou a an ti moso
- Rense seleri ak powa a
- Grate kawòt la ak koupe’l an ti moso.
- Lè vyann la finn molas, ajoute moso joumou yo nan sòs vyann la.
- Kite’l bouyi jiskaske joumou a kwit. Sa ka pran 10-15 minit.
- Lè joumou a kwit, retire moso yo pou’w blende’l
- Ajoute joumou ak enpe sòs vyann la nan yon blendè. Blende’l byen.
- Ajoute sòs joumou an nan sòs vyann la. Fè’l bouyi.
- Lè sòs la finn fè yon bon bouyi, ajoute rès viv yo. Fè sòs la bouyi.
- Pandan sòs la ap bouyi, rache yon ti zonyon, lay pou fwi apa pou kòmande soup la.
- Lè zonyon ak lay la byen jòn, vide yo nan soup la.
- Ajoute yon ti bè
- Goute soup la, si ou we li bon, drese soup la.
Epi Datset!