Print Recipe
Soup Joumou san Vyann
Course Main Dish
Cuisine Ayisyen
Prep Time 15 minit
Cook Time 30 minit
Servings
moun
Ingredients
  • 1/2 Liv Joumou
  • 1-2 Kawòt
  • 2 Pomdetè Piti
  • 1/2 Liv Yanm
  • 1 Nave
  • 1 Bout Seleri
  • 2 Bout Powo
  • 1 Men Makawoni ak yon ti Vèmisèl si’w vle
  • 8-9 Tas Dlo
  • Pat Tomat
  • Epis
  • Epis Poud a gou
  • Disèl a gou
  • 1/4 Zonyon
  • Lay a gou
  • Piman Dou
  • Piman Pike
  • 1 Kiyè Luil Dou
  • 1 Kiyè
  • Jiwòf a gou
Course Main Dish
Cuisine Ayisyen
Prep Time 15 minit
Cook Time 30 minit
Servings
moun
Ingredients
  • 1/2 Liv Joumou
  • 1-2 Kawòt
  • 2 Pomdetè Piti
  • 1/2 Liv Yanm
  • 1 Nave
  • 1 Bout Seleri
  • 2 Bout Powo
  • 1 Men Makawoni ak yon ti Vèmisèl si’w vle
  • 8-9 Tas Dlo
  • Pat Tomat
  • Epis
  • Epis Poud a gou
  • Disèl a gou
  • 1/4 Zonyon
  • Lay a gou
  • Piman Dou
  • Piman Pike
  • 1 Kiyè Luil Dou
  • 1 Kiyè
  • Jiwòf a gou
Instructions
  1. Kale ak rense joumou, yanm, nave ak pomdetè yo.
  2. Rache joumou a an ti moso
  3. Ajoute joumou rache a nan yon chòdyè ak 1-2 tas dlo.
  4. Kite’l bouyi jiskaske joumou a kwit. Sa ka pran 10-15 minit.
  5. Pandan lap kwit, prepare lòt viv yo.
  6. Rense seleri ak powa a
  7. Grate kawòt la ak koupe’l an ti moso.
  8. Lè joumou a kwit, retire moso yo pou’w blende’l
  9. Blende joumou a nan dlo bouyi a. Blende’l byen. Kite melanj la pou pi ta.
  10. Nan yon chòdyè pwop, chofe yon ti luil dou. Ajoute pat tomat, lè'l pran bon koule ajoute zonyon, lay ak piman dou rache.
  11. Ajoute bè ak epis. Kite'l konsonmen pou 1-2 minit.
  12. Ajoute pòmdetè, yanm ak kawòt yo pou yo pran bon gou. Ajoute disèl.
  13. Ajoute omwen 4 tas dlo. Fè'l bouyi.
  14. Apre soup la bouyi, ajoute sòs joumou an nan sòs viv yo. Kite'l bouyi jiskaske pòmdetè a pweske kuit.
  15. Lè viv yo pweske finn kuit, ajoute chou, nave, powo ak seleri yo. Fè sòs la bouyi pou 2-3 minit.
  16. Apre sa, ajoute makawoni, vèmisèl ak yon piman pike tou antye si'w vle. Kite soup la konsonmen.
  17. Pandan sòs la ap konsonmen, rache yon ti zonyon, lay pou fwi apa pou kòmande soup la.
  18. Lè zonyon ak lay la byen jòn, vide yo nan soup la.
  19. Ajoute yon ti bè
  20. Goute soup la, si ou we li bon, drese soup la.

Epi Datset!