Print Recipe
Boulèt
Plate of Haitian Meatballs
Course Main Dish
Cuisine Ayisyen
Prep Time 15 minit
Cook Time 30 minit
Servings
moun
Ingredients
  • 3 Tranch pen
  • 3 lb Vyann Bèf Mouli
  • 1 Sitwon
  • 1 Ze
  • 1 Kiye Moutad
  • ½ Piman Dou Rache
  • ¼ Piman Pike Rache
  • 1 Kiye Lay Rache
  • 2 Kiye Pèsi Rache
  • ½ Zonyon Rache
  • ¼ Tas Luil
  • 2 Kiye Epis
  • Epis Poud a gou
  • 2-3 Kiye Pat Tomat
  • Disèl a gou
  • Farin
  • 1-2 Tas Dlo
  • 1 Kiye si'w vle
Course Main Dish
Cuisine Ayisyen
Prep Time 15 minit
Cook Time 30 minit
Servings
moun
Ingredients
  • 3 Tranch pen
  • 3 lb Vyann Bèf Mouli
  • 1 Sitwon
  • 1 Ze
  • 1 Kiye Moutad
  • ½ Piman Dou Rache
  • ¼ Piman Pike Rache
  • 1 Kiye Lay Rache
  • 2 Kiye Pèsi Rache
  • ½ Zonyon Rache
  • ¼ Tas Luil
  • 2 Kiye Epis
  • Epis Poud a gou
  • 2-3 Kiye Pat Tomat
  • Disèl a gou
  • Farin
  • 1-2 Tas Dlo
  • 1 Kiye si'w vle
Plate of Haitian Meatballs
Instructions
  1. Limen fou a sou 400°F
  2. Ajoute lèt sou tranch pen yo. Moule pen ak Kite pen ak lèt la. Tranpe pandan’w prepare vyann la.
  3. Mete vyann mouli a nan yon bòl.
  4. Ajoute 1 grenn ze ak pire ji mwate 1 sitwon nan vyann la.
  5. Ajoute tout res founiti yo nan vyann la
  6. Melanje tout founiti yo byen nan vyann la.
  7. Ajoute melanj pen ak lèt la nan melanj vyann la.
  8. Kite’l tranpe pou omwen 30 minit. Sa ap fè bon gou yo antre nan vyann la.
  9. Apre 30 minit, pran yon plato, mete luil sou li.
  10. Piti pa piti, pran vyann mouli, woule’l nan farin, fè’l fè yon boul mete’l nan plato a.
  11. Sove 2 Kiye vyann pou fè sòs la.
  12. Mete boulèt yo nan fou a pou 25 minit.
  13. Pandan boulèt yo ap kuit, ajoute res vyann la, pat tomat ak yon kiye luil nan yon chodyè. Kite’l kuit.
  14. Apre 5 a 10 minit, ajoute ½ tas dlo nan melanj la. Fè’l bouyi.
  15. Lè dlo a pweske fini, ajoute zonyon ak pima pike ak pima dou rache nan melanj la.
  16. Pandan zonyon ak pima a ap fiw, ajoute bè ak disèl.
  17. Ajoute yon tas dlo. Kite’l konsomen.
  18. Lè boulèt yo finn kuit, retire yon sot nan fou a ak ajoute boulèt yon nan sos la.
  19. Rache yon ti zonyon nan sos la.
  20. Pire ¼ sitwon nan sos la. Kite melanj la konsomen.
  21. Apre 5 minit, li bon pou sèvi.

Epi Datset!