
Prep Time | 10 minit |
Cook Time | 20 minit |
Servings |
moun
|
Ingredients
- 1 Tas Akasan
- 5 Tas Dlo
- 1 Kan Lèt Kokoye
- 1-2 Kan Lèt èvaporè
- 3 Ani Etwale
- Esans Vaniy a gou
- Esans Kokoye a gou
- Sik a gou
- Disèl yon pense
- Kannèl
- Pò Sitwon
- Jenjanm
Ingredients
|
![]() |
Instructions
- Mete kannèl, pò sitwon, bout jenjanm nan 4 tas dlo. Fè'l bouyi.
- Delye 1 tas akasan nan 1 tas dlo. Melaje'l byen.
- Vide melanj la nan dlo bouyi a.
- Bwase melanj la detanzantan; wap wè melanj la epersi.
- Ajoute lèt èvaporè ak lèt kokoye a (Si'w wè melanj la two pwès, ajoute plis lèt.
- Ajoute esans vaniy ak kokoye.
- Kontinye bwase melanj la.
- Pandan melanj la cho pase'l nan yon paswa. (Wap fè sa pou asire moun pap jwenn tout epis yo ki tap bouyi nan dlo a).
- Drese Akasan a (Ou ka bwè'l chò o glasè).
Epi Datset!