Kodenn ak Nwa

Print Recipe
Kodenn ak Nwa
Nan Okap, nwa se yon bagay yo renmen fè ak vyann. Sa se yon gou reset kodenn ak nwa! Fè'm konnen si'w kuit li.
Plate of Turkey in Cashew Sauce
Cuisine Ayisyen
Prep Time 20 minit
Cook Time 50 minit
Servings
moun
Ingredients
  • 5 Tas Dlo
  • 5 Liv Kodenn
  • Disèl anpil
  • 2-3 Sitwon
  • 2-3 Kiye Pat Tomat
  • 2-3 Kiye Epis
  • Epis Poud
  • 1-2 Bwa Ditèn
  • ½ Zonyon
  • ½ Pima Dou
  • ¼ Pima Pike
  • 2-3 Kiye Luil
Cuisine Ayisyen
Prep Time 20 minit
Cook Time 50 minit
Servings
moun
Ingredients
  • 5 Tas Dlo
  • 5 Liv Kodenn
  • Disèl anpil
  • 2-3 Sitwon
  • 2-3 Kiye Pat Tomat
  • 2-3 Kiye Epis
  • Epis Poud
  • 1-2 Bwa Ditèn
  • ½ Zonyon
  • ½ Pima Dou
  • ¼ Pima Pike
  • 2-3 Kiye Luil
Plate of Turkey in Cashew Sauce
Instructions
  1. Premye bagay wap fè se mete 2 tas dlo nan yon chodyè, pire mwate yon sitwon nan dlo ak mete mwate sitwon ak tout po a bouyi.
  2. Mete nwa yo tranpe nan yon bòl. Kite’l tranpe pou omwen 30 minit.
  3. Mete kodenn lan nan yon veso. Vide disèl ak ji yon siwon sou vyann la.
  4. Fwote sitwon sou vyann la. Sa ap ede retire sant kri a.
  5. Retire po vyann kodenn lan.
  6. Lè’w finn retire po yo, rense vyann la 2 o 3 fwa. Retire vlen yo.
  7. Apre dènye rense la, vide dlo bouyi a sou vyann la.
  8. Kite vyann la tranpe pou 5-10 minit pour tout dènye vlen yo moute.
  9. Retire vyann la nan dlo cho a pou’w prepare pou’w tranpe vyann la.
  10. Ajoute diten ak ji sitwon nan vyann la. Ajoute pat tomat, epis, epis poud, pima pike, disèl, jiwòf ak luil sou vyann la.
  11. Melanje tout epis yo byen sou vyann la.
  12. Kounye a, li bon pou kwit.
  13. Limen fou a. Mete’l sou 350°F.
  14. Fè vyann la konsonme. Lè premye dlo a fini, ajoute ½ tas dlo, fè’l bouyi. Sa ka pran 15-20 minit.
  15. Pandan vyann lan ap bouyi, pran nwa a ki tap tranpe a. Mete’l nan yon chodye ak 3-4 tas dlo avek yon ti luil. Fè’l konsonmen. Detanzantan, wè si nwa a kuit. Wap konnen nwa a kuit lè’l kraze bwen fasile.
  16. Apre 15-20 minit, lè dlo a prèske fini, mete vyann la nan fou a pou'l pran bon koulè.
  17. Pandan vyann la nan fou a, pran rès dlo bouyi vyann la pou fè yon sòs pou vyann la.
  18. Fwi yon ti pat tomat nan luil dou.
  19. Ajoute zonyon, pima dou, ak epis poud ak disèl.
  20. Lè zonyon ak pima a lage, ajoute rès dlo bouyi vyann la.
  21. Fè sòs la fè yon bon bouyi.
  22. Apre 2-3 minit bouyi, ajoute nwa a ak tout dlo bouyi a.
  23. Lè vyann la finn prann bon koule, ajoute vyann la nan sòs la.
  24. Rache zonyon sou sos ak vyann la.
  25. Kite'l konsomen pou 5 minit anvan ou sèvi’l.
  26. Sèvi ak diri o viv.